Ekaristi a: Bondye nan mitan nou

 

“Ou antoure mwen devan ak deyè epi ou mete men w sou mwen. Yon konesans konsa twòp pou mwen,  Twò wo pou mwen pou mwen rive jwenn Ki kote mwen kapab ale lwen lespri w? Ki kote mwen kapab sove lwen prezans ou?,  Si mwen monte nan syèl, ou la; Si mwen kouche kote mò yo, ou la. Si mwen pran zèl douvanjou pou m rete pi lwen pase lanmè a,  Menm la men ou ap gide m men dwat ou kenbe m fèm” (Sòm 139:5-10).

Sè m yo ak frè m yo nan Kris la:

Pandan nap kòmanse pèlerinaj nou nan direksyon yon renouvo Ekaristik, map ekri ak anpil esperans epi anpil kè kontan nan Bondye sou kijan Presans Li ap toujou gide nou. Mwen ofri nou refleksyon lapriyè mwen sou kijan nou ta ka kòmanse pèlerinaj nou ansanm epi konsidere relasyon nou ak Bondye kòm yon moman ki defini lafwa nou. Mwen mande nou pou nou priye epi rekonèt ki kote nou ta ka rekòmanse ansanm dezi nou pou nou resevwa Jezi nan Ekaristi a pou nou ranpli ak prezans Bondye epi vin Kris youn pou lòt. Se priyè fervan mwen pou nou renmen Jezi nan youn lòt nan pèlerinaj sa.

Envitasyon Jezi

Jezi kite kote l’ te ye a. Antan li t’ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l’ konsa: “Swiv mwen”. Matye annik leve, li swiv Jezi” (Matye 9:9).

Konbyen nan nou vle swiv Jezi?  Pou sa yo mwen rankontre yo, soti nan pi piti  rive nan pi gran an, mwen kwè nou tap reponn ak tout fòs nou  “Mwen vle!”.  Lè nou fèt, Jezi deja konnen nou chak, renmen nou epi rele nou pou nou swiv Li.  Depi lè nou batize, nou kòmanse swiv Jezi. Gen kèk nan nou ki te dakò kòm granmoun pou yo te batize epi kèk nan nou te prezante pa paran nou ak parenn ak marenn nou pou nou swiv Jezi epi jan fanmi nou ak zanmi nou te aprann nou pou nou konnen Jezi, nou menm tou nou kontinye swiv li.

Apèl sa se yon envitasyon ki plen lanmou ke Jezi fè nou  ! Li envite nou chak pou nou bay lavi nou nèt ale, san mezi san enterè pèsonèl, oswa san reflechi, “ki enterè ou genyen nan sa?”  Sonje yo te kritike Jezi paske Li te rele pechè – moun tankou ou menm avèm.  Yo aksepte envitasyon Li paske yo rekonèt Jezi se Chemen Pèfeksyon an.  Atravè Sakreman Batèm nan, nou fè yon Alyans ak Jezi pou nou renmen Li pase tout bagay epi sèvi Li nan frè ak sè nou yo.

Rankont ak Jezi

Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l’, epi li di yo: “Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou sonje mwen”. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: “Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m’ ki koule pou nou an li siyen l’.” (Lik 22:19,20).

Ki moun ki Ekaristi a?  Ekaristi a se Jezi! Menm jan Jan te di Pyè apre Rezireksyon an, “Se Seyè a (Jan 21:7)!  Jezi ap pale ak apot yo, disip Li yo, epi nou menm ak anpil lanmou epi Li konnen ke nou bezwen manje pou nou swiv Li.  Li konnen difikilte ke nou pral rankontre yo. Ak Ekaristi a, Li banou tèt li pou nou kapab an mezi resevwa Li epi kontinye jounen an avèk Li chak jou.  St. Justin Martyr ekri, “Yo aprann nou, ak lapriyè mo  (prèt la) manje ki te vin tounen Ekaristi, epi ki nouri chè ak san nou menm jan an tou, toude se chè ak san Jezi ki te vin tounen chè” (St. Justin Martyr (c.155 AD), Premye Ekskiz, 66).

Kòman nou kapab refize Jezi?  Kisa oswa kimoun ki anpeche nou resevwa Kò, San , Nanm ak Divinite Jezi, Seyè nou ak Sovè nou?  Ekaristi se patisipason nou nan lavi diven an nan Kris la pa pouvwa Sentespri a.  “Ekaristi a se yon siy efikas epi  yon kòz siblim kominyon sa a nan lavi diven an ak inite Pèp Bondye a ki kenbe Legliz la.  Se akimilasyon aksyon Bondye ki sanktifye mond lan nan Kris la ak adorasyon lezòm ofri bay Kris la pa li menm pou rive jwenn Papa a nan Sentespri a.” (CCC1325). Se yon gwo mistè lafwa nou —nou kapab konnen sa sèlman nan ansèyman Kris la ba nou ak nan Tradisyon Legliz la.

Sen Franswa Asisi te di, “Nan jan sa, Seyè a toujou ak fidèl li yo, pandan Li di, “Sonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba” (Matye 28:20).

Swiv Jezi

Si nou renmen Jezi, eske nou pa ta renmen fè sa Li mande nou?  Tout tan, Jezi rele nou nan yon nouvo kòmandman. Li te di,” renmen yonn lòt menm jan mwen renmen nou” (cf: Jan 13:34).

Nou se yon pati nan istwa Bondye.  Papa nou ki sen, Pap Franswa, ankouraje nou pou “ekri istwa redanpsyon an sou paj tan nou.”  Pandan nap resevwa Kris la nan Ekaristi a, nap kontinye istwa  sali Jezi Kris la yè, jodia ak pou tout tan gen tan.  “Depi  Lapannkòt, lè Legliz la, Pèp Nouvo Alyans la, te kòmanse vwayaj pèlren li nan direksyon peyi selès la, Sentstèn diven an te kontinye  make jou li yo pase, li te ranpli yo ak yon espwa konfyan” (Ecclesia de Eucharistia 1).

Menm jan nou nouri kò fizik nou yo ak manje yo rekòlte sou tè a pou fòs ak enèji, se konsa tou pen ki soti nan syèl la nouri nou pou fè syèl la sou tè a.  Nan reyalite spirityèl nou, manje genyen yon wòl prensipal nan istwa Sali a, soti nan fwi entèdi jaden an ki te lakòz peche ak lanmò  rive nan manje kò Kris la sou kwa a ki pote lavi etènèl .

St. Pòl di nou, “Sa mwen resevwa nan Seyè a, se sa menm mwen te montre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l’ la, Seyè Jezi te pran pen, lè li fin di Bondye mèsi li kase l’, epi li di: Sa a se kò m’, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen. Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n’ap bwè ladan l’ pou nou ka chonje mwen”” (1 Korint 11:23-25).

Vin tounen yon Ekaristi ak Jezi

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pedi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. (Jan 3:16).

Se pa Ekaristi ki chanje vin tounen nou menm,  men se nou menm ke Li transfòme.

Lè nou resevwa Jezi, nou oblije al vlope nan lanmou Li, pou nou pote lanmou Li, Ekaristi a, bay youn lòt.  Nou vin tounen kote li rete.  “Lè nan Vizitasyon an, Mari te pote  nan vant li Pawòl la ki te vin tounen chè,  nan yon sans li vin tounen yon tabènak” – premye “tabènak” nan listwa – kote Pitit Bondye, toujou envizib pou zye imen nou, li te pèmèt pou Elizabeth te adore li , pandan lap gaye limyè li atravè je ak vwa Mari. Epi se pa rega egzalte Mari ki tap kontanple figi  Kris ki fenk fèt la,  epi li te bèsel nan bra li;  se kalite lanmou sa ki ta dwe enspire nou chak fwa nou resevwa kominyon Ekaristi a” (Ecclesia de Eucharistia 55)?

St Irene ekri, “Jan nou panse adapte ak Ekaristi a epi Ekaristi a li menm tou konfime fason nou panse.”  Kominote nou an te kapab chanje anpil si nou ofri lanmou Bondye a gratis bay youn lòt san nou pa atann anyen an retou?  Lè nou resevwa Jezi, nou aksepte misyon Li.  Lanmou nou bay konekte ak Jezi. Nou prezante Li bay youn lòt. Nou rele pou nou soti nan zòn konfò nou pou nou vin yon Ekaristi:  Pou nou prezante Jezi nan mitan nou ak frè aksè nou yo tout kote nou rankontre yo.

Pap Franswa di, “ Nan pratik, kisa viv lanmou sa a vle di? Anvan li te banou komandman sa,  Jezi te lave pye disip yo; epi apre li bay li, li bay tèt li sou bwa lakwa a.  Men sa renmen vle di: Sèvi epi bay lavi nou.  Sèvi . . . pataje karis ak kado Bondye ban nou yo. Espesyalman, nou ta dwe mande tèt nou, “Kisa mwen fè pou lòt moun?”

Vwayaj nou nan Syèl

Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l’, epi li ba yo li. Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. (Lik 24:30,31).

Apre Rezirèksyon an, de disip tap mache sou wout Emayis epi yo rankontre Jezi pandan yo tap mache; sepandan yo pat rive rekonèt li. Se sèlman lè li te presante tèt li ba yo kòm Ekaristi, ke yo vin rekonèt li.

Mwen panse nou toujou tankou disip sa yo. Jezi andedan nou chak, malgresa nou pa wè Li prezan. Sonje Jezi pale avèk nou  sou zafè rekonèt li pandan li rele nou pou nou sèvi youn lòt.   Moun yo mande, ‘Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou, Osinon toutouni, pou nou te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad oswa nan prizon, epi nou te al wè ou?” Jezi reponn, ‘Amen, chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m’ yo, se pou mwen nou te fè li’ (cf: Mat 25:38-40).

Cardinal Raniero Cantalamessa, OFM ekri nan youn nan prèch li yo, “Nou dwe fè lavi nou tounen yon kado lanmou pou Papa a pou  benefis Frè ak Sè nou yo.” Nou dwe tounen yon Ekaristi.

Eske wap swiv Jezi? Eske wap reponn apèl li pou ou resevwa l Apre nou resevwa Jezi nan Ekaristi, eske nap tankou Kris la youn pou lòt.

Se pou Patwònn nou an, Mari, Manman Bondye ki pa “fiat shares” li patisipe nan redamsyon Pitit li a te ban nou kòm Pen ki bay lavi a gras a Ekaristi a, ki pèmèt nou sèvi kòm yon kote li rete. Ann priye pou nou chanje figi mond nou an pou li tounen yon Ekaristi.

Bishop John Noonan

27 Novanm 2022

Premye Dimanch Lavan

 

 

Translate